Konbit Wiki Kreyolo, yon mobilizasyon pou kreyòl ayisyen an
- Daana Sthernith Eldimé
- 1 nov. 2024
- 1 min de lecture
" Se Jedi, Mw di Wiki"

Depi 15 oktòb 2024, Konbit Wiki Kreyolo fè yon gwo avansman pou Wikipedya an kreyòl ayisyen, ki rive gen anviwon 70 000 atik. Aktivite sa a, ki fèt sou tèm "Plis konesans nan lang kreyòl ayisyen, plis aksè pou tout moun," ap ede ranfòse ansiklopedi lib sa a epi ankouraje itilizasyon kreyòl ayisyen kòm zouti konesans ak aksè nan enfòmasyon.
Pandan dènye sesyon Jedi Wiki a, 31 oktòb, yon atelye travay te fèt a distans, kote kèk kontribitè ak kontribitris devwe te patisipe. Nan gwoup sa a, Handgod Abraham, Sendia Filias, Monice Stevenson, Cherlie Saintilus, ak Daana Sthernith Eldimé te pote kontribisyon yo nan ajoute nouvo atik epi amelyore sa ki te la deja. Angajman yo montre lespri Konbit la byen klè : mete fòs nou ansanm pou nou ofri plis konesans an kreyòl ayisyen.
Apèl sa a pou kontribisyon an louvri pou tout moun: gen tan toujou pou nou rantre nan Konbit Wiki Kreyolo, k ap kontinye jouk 30 novanm kap vini la a. Nou envite tout moun ki renmen kilti ayisyèn, elèv, rechèchè, epi tout moun ki enterese pou kontribye nan bèl eksperyans pataje konesans sa a. Plis nou anpil, plis travay nou ap gen enpak pou kominote ayisyèn ak tout moun ki pale kreyòl atravè mond lan.
Rantre nan Konbit Wiki Kreyolo epi fè pati mouvman sa a pou yon aksè ekitab nan konesans an kreyòl ayisyen!
Daana Sthernith Eldimé
Directrice de Communication et Des activités

Comments