ANONS OFISYÈL: Fen Wiki Kilti 2025!
- Daana Sthernith Eldimé
- il y a 8 heures
- 2 min de lecture
Se ak anpil kè kontan nou anonse fen edisyon 2025 Wiki Kilti a! Evènman anyèl sa a, ki te fèt pandan tout mwa fevriye ak mas la, te yon gwo siksè nan mete valè sou lang kreyòl ayisyen an, epi fè pwomosyon kilti ak patrimwàn fòlklorik Ayiti atravè platfòm Wikimedya yo.
Yon ti rale sou aktivite yo:
Premye Mas: Nan Ench, Stephane Symbert ak Moscovard Maxene te anime yon atelye tradiksyon atik nan World English Institute of Hinche (WEIH).
9 Mas: Nan Bibliyotèk Kominotè Pwofesè Willy Jean François, Handgod Abraham ak Daana Sthernith Eldimé te dirije yon atelye tradiksyon atik nan lang kreyòl ayisyen.
20 Mas: Nou te gen yon atelye anliy ki te gen pou objektif montre kontribitè ki pa t gen chans patisipe nan okenn atelye nan vil ki gen wiki kleb yo kijan pou yo tradwi atik soti sou wikipedya fransè mete sou wikipedya kreyol ayisyen.
24 Mas: Nou te gen yon atelye anliy ki te konsantre sou kijan pou ajoute imaj ki gen rapò ak feminis ak folklò.
31 Mas: Nan Pòtoprens, Aterson-N Sainval te anime yon atelye nan Extase Hotel.
Nou vle di yon gwo mèsi pou tout patisipan yo ki te montre anpil motivasyon ak angajman! Nou remèsye espesyalman animatè yo pou konesans yo ak enèji yo. Yon gwo mèsi tou pou World English Institute of Hinche (WEIH), Bibliyotèk Kominotè Pwofesè Willy Jean François, ak Ekstaz Otèl pou bon akèy yo.
Konkou Wiki Kilti 2025 lan fini tou! Tout patisipan yo ki te soumèt kontribisyon nan kategori Feminis ak Folklo, Wiki Loves Folklè, tanpri note ke rezilta konkou yo ap anonse ofisyèlman 30 avril 2025. Rete branche pou nouvèl yo!
Antretan nou ka toujou soumèt imaj nan kad Wiki Loves Afrika (jiska 30 avril).
Siksè Wiki Kilti 2025 sa a demontre klèman enpòtans inisyativ wikimedya yo nan pwomosyon ak prezèvasyon lang ak kilti ayisyèn nan sou entènèt. Nan kad aktivite sa, te genyen 49 kontribitè,, 130 mil referans ajoute, 356 atik ki amelyore, 291 atik ki rive kreye, 24 foto ki ajoute. Atik sa yo deja genyen 3400 moun ki gentan vizite atik sila yo. Nou deja ap tann edisyon 2026 la avèk enpasyans!
Si ou enterese kontinye kontribiye nan pwojè Wikimedya yo nan lang kreyòl ayisyen, pa ezite vizite paj nou an oswa kontakte nou pou plis enfòmasyon!
Ann viv ansanm nan kek foto aktivite pase yo.
Daana Sthernith Eldimé
Pou Ekip Kominikasyon an

コメント